Etazini: Depatman Jistis Ap Chache Bloke Lwa Ki Vize Enpoze Penalite Kriminèl sou Moun Ki San Papye Nan Eta Oklahoma

  • Serge Michel

Migrants seeking to enter the United States through a barbed wire fence installed along the Rio Grande are driven away with pepper spray shots by Texas National Guard agents at the border with Ciudad Juarez, Chihuahua State, Mexico, on May 13, 2024. (Phot

Depatman Jistis Etazini asiyen eta Oklahoma madi a, pou chache bloke yon lwa ki vize enpoze penalite kriminèl sou moun ki ap viv nan eta a ilegalman.

Pwosè a ki pwal fèt nan tribinal federal vil Oklahoma defye yon lwa ki kalifye kòm krim nan nivo eta – ak pinisyon 2 zan prizon – lè moun viv nan Oklahoma san yon estati imigrasyon legal. Kèk lwa menm jan an ki te pase nan eta Texas ak Iowa deja ap fè fas ak defi Depatman Jistis.

Oklahoma se youn nan plizyè eta ke Repibliken kontwole ki ap antre pi fon nan efò pou fè respekte lwa imigrasyon. Eta Florid, Jòji, ak Tennessee pase lòt pwojè-lwa ane sa a ki vize migran.