Your browser doesn’t support HTML5
Sepandan, sa pa te toujou konsa.
Se moun nan Nò yo ki te fonde pati a an 1854, kote yo te vle yon gouvènman federal ki gen plis fòs pou li kanpe tèt kont esklavaj ki t ap gaye nan eta Lwès yo.
Dezyèm kandida pou prezidan nan istwa pati a, Abraham Lincoln, te pran prezidans la an 1860 kote li te prezève Inyon an epi aboli esklavaj.
Apre viktwa Nò a nan Gè Sivil la, Pati Repibliken an domine politik peyi an pou 70 ane apre yo.
Lidè pati a yo apiye tou 15yèm amannman an ki garanti dwa gason Nwa Ameriken pou yo vote nan peyi a.
Dominasyon pati a vin pèdi fòs nan epòk gwo kriz ekonomik ki te rele Gran Depresyon an, e Demokrat yo di se politik pro-biznis Repibliken an ki lakoz sa.
kontwole politik nasyonal la kote se yon sèl prezidan Repibliken ki moute nan pouvwa a.
Repibliken yo devlope yon repons konsèvatè pou fè fas kare ak Demokrat yo ki ap laji gouvènman federal la depi epòk Gran Depresyon an.
Chanjman estrateji pati yo mennen nan yon chanjman kote anpil Nwa Ameriken al jwenn Pati Demokrat la epi anpil blan nan Sid la ale nan Pati Repibliken an.
Nan ane 1980 yo, Prezidan Ronald Reagan genyen eleksyon an ak yon gwo majorite nan peyi a gras ak politik li yo.
Nan dizèn lane ki sot pase yo, Demokrat ak Repibliken kontwole prezidans la.
Prezidan Repibliken George W. Bush ak Donald Trump defann yon wòl menm pi piti pou gouvènman federal la epi vanse plis sou lèl dwat nan kesyon politik sosyal.