Imigrasyon: Yon Nouvo Pwosesis Pou Redwi Tan Tribinal Yo Pran Pou Deside Sò migran an

  • Serge Michel

Election 2024 Biden Immigration

Administrasyon Biden nan ap kreye yon nouvo pwosesis pou redwi tan ke tribinal imigrasyon yo ka pran pou deside sò migran ki fèk rive yo, soti nan kèk lane pou mete li nan 6 mwa, nan yon moman kote kesyon imigrasyon ap bay elektè yo plis enkyetid.

Nan kad desizyon ke administrasyon an anonse ayè jedi a, migran adilt ki vini pou kò yo, ki fèk antre nan peyi a e ki pwale nan nenpòt nan 5 vil nan peyi a, ke otorite yo presize, pwal gen yon gwoup ki vize dosye pa yo, e ki pwal bat pou pran desizyon nan 180 jou pou pita.

Se ta yon gwo rediksyon nan tan li pran pou pifò ka yo, ki rive nan kantite ki depase kapasite tribinal imigrasyon nan peyi a, alòske li te konn pran jij yo jiska 4 tran pou fin travay sou chak ka. E lè tribinal deside pi vit sou ka yo, sa ka pèmèt otorite yo aji pi vit pou pimpe tounen moun ki pa kalifye pou rete.