Prezidan Ris Putin ap Fè yon Vizit Deta nan Lachin Semèn sa

FILE PHOTO: Belt and Road Forum in Beijing

BEIJING (AP) — Minis Zafè Etranje Chinwa a fè konnen Prezidan Ris Vladimir Putin pral fè yon vizit deta ki gen pou dire 2 jou nan Lachin semèn sa a.

Putin pral rankontre lidè Chinwa Xi Jinping pandan vizit sila ki ap kòmanse Jedi 16 Me 2024.

Kremlin di vizit Putin nan ap fèt sou envitasyon Xi.

Lachin apiye Larisi politikman nan konfli lagè Ikrèn nan, epi li kontinye livre materyèl bay Moskou, men li pa ekspòte zam ba li.

Lachin se tou yon gwo mache pou ekspòtasyon pwovizyon enèji, ki fè kès Kremlen an toujou plen.

Minis Afè Etranjè Lachin nan di Xi pral diskite ak Putin sou "koperasyon nan divès domèn nan relasyon ant 2 peyi yo... epi sou pwoblèm entènasyonal ak rejyonal ki konsène yo."