Lame Izrayèl touye ak Kout Zam 2 Palestinyen

  • Serge Michel

ផ្សែងហ៊ុយឡើង ខណៈ​កងកម្លាំង​អ៊ីស្រាអែល​ល្បាត​លើ​ជំរំ al-Faraa សម្រាប់ជន​ភៀសខ្លួន​ប៉ាឡេស្ទីន​ក្បែរ​ទីប្រជុំជន Tubas ក្នុង​តំបន់ West Bank កាលពីថ្ងៃទី១៨ ខែធ្នូ ឆ្នាំ២០២៣។

Lame Izrayèl touye ak kout zam 2 Palestinyen bonè jodi vandredi a toupre vil Tubas nan Sisjòdani, dapre sa kèk sous medya palestinyen ak izraelyen rapòte.

Nouvèl ki parèt nan laprès di yon mesye pèdi lavi lè solda israelyen te ouvè kout zam sou machin li nan Tubas. Yon lòt Palestinyen tonbe anba bal Izraelyen pandan yon atak militè sou kan refijye al-Far’a, osid Tubas.

Lame Izrayèl la pa pale touswit sou nouvèl sa yo.

Dènye vyolans la te fèt apre anons ayè jedi a kote lame a te di gen “nouvo mezi ak mezi amelyore” pou fè èd imanitè antre nan Gaza, antwòt konstriksyon yon nouvo pasaj atè nan nò Gaza.

Yon lòt kote, Etazini di ayè jedi a li mete restriksyon sou anplwayen li ann Izrael ak fanmi-yo pou yo pa vwayaje andeyò zonn Tel Aviv, Jerizalèm ak Be’er Sheva akoz menas Iran ki di li ap tire revanj sou Izrael pou frap aeryen ki te fèt Premye Avril sou anbasad li nan Damas.