Chèf lame Izrayèl la Di Atak ki Touye 7 Travayè Imanitè Se Yon Erè Grav

  • Serge Michel

Chief of the General Staff of the Israel Defense Forces Herzi Halevi walks along with other officials, during what the Israeli military says was a visit to Al Shifa hospital, in a place given as Gaza

Lame izraelyen kalifye frap ki touye 7 travayè sekou nan Gaza a kòm yon erè grav.

Chef lame Israyèl Jeneral Herzi Halevi di atak la, ki touye kèk manm gwoup sekou Kwizin Santral Mondyal (WCK) se “yon erè grav”, paske li di lame a te “mal idantifye sa li t ap vize a nan lannwit, nan yon gè, nan kondisyon ki byen konplike.”

“WCK se yon òganizasyon ki ap travayè toupatou nan mond la, antwòt nan Izrayèl, ki ap bat pou yo fè bon travay,” se sa Halevi di nan yon deklarasyon sou video. “Fòs Defans Izrayèl travay nan tèt-kole ak Kwizin Santral Mondyal e li apresye anpil travay enpòtan yo a.”

Fondatè Kwizin Santral Mondyal, José Andrés, di nan yon deklarasyon ke li pibliye jodi mèkredi a nan jounal New York Times ke Izrayèl te lanse “yon atak dirèk sou machin ki te gen sou yo byen klè logo WCK, e ke Fòs Defans Izrayèl te byen konnen tout deplasman yo.

Andrés di atak la se rezilta yon « politik ki repouse èd imanitè pou fè travayè sekou yo dezespere, » an palan konplent òganizasyon imanitè yo sou difikilte pou yo pote èd bay Palestinyen yo ki dezespere nan Gaza.