Benjamin Netanyahu Sèmante Lap Entèdi Emisyon Al Jazeera

  • Serge Michel

US-MEDIA-AL JAZEERA AMERICA-NEW YORK

Premye-minis Izraelyen Benjamin Netanyahu sèmante ayè lendi a pou li entèdi emisyon Al Jazzera andan Izrayèl.

« Kanal teworis Al Jazzera pa ka fè pase pwogram li ankò andan Izrayèl. Mwen vle aji imedyatman ann akò ak nouvo lwa a pou sispann aktivite kanal sa a, » se sa Netanyahu di nan yon pòs sou plafòm medya sosyal X.

Anvan sa nan jounen an, palman Izrayèl la te pase yon lwa ki soti ak 70 vwa pou e ak 10 vwa kont, ki bay prensipal minis yo ak minis kominikasyon an pouvwa pou fèmen media etranje ann Izrayèl si gouvènman an kwè ke yo poze yon menas pou sekirite Izrayèl.