Premye Minis Ayiti an ap Demisyonen pandan li pa Klè ki Moun ki ap Ranplase li nan Tèt Peyi a

Haiti's Prime Minister Ariel Henry speaks while addressing the nation

PORT-AU-PRINCE, Ayiti (AP) — Premye-Minis ayisyen Ariel Henry anonse li ap demisyone depi gen yon konsèy prezidansyèl pou fè tranzisyon an.

Li aksepte bay demisyon li anba presyon entènasyonal, pandan CARICOM ap chache solisyon pou sove Ayiti, yon peyi ki ap sibi vyolans gang ki, dapre kèk ekspè, te deklannche yon ti gè sivil.

Henry se premye-minis ki pase plis tan nan tèt yon gouvènman depi Ayiti te apwouve konstitisyon 1987 la.

Nan lannwit lendi pou rive madi, premye minis Ariel Henry fè anons ke li ap remèt demisyon li, kèk èdtan apre lidè CARICOM yo ak Sekretè Deta Ameriken Antony Blinken te reyini nan Jamayik pou diskite sou yon solisyon ann ijans pou kriz Ayiti a.

Henry pa t kapab antre ann Ayiti paske vyolans gang yo te lakoz prensipal ayewopò entènasyonal peyi a fèmen.