Nikki Haley Genyen Eleksyon Primè a Nan Washington DC

  • Serge Michel

EEUU-ELECCIONES-REPUBLICANOS

Nikki Haley genyen eleksyon primè Repibliken nan Distri Columbia, DC, kote li kase lis pakèt viktwa Trump san rete nan kous Repibliken yo, malgre ansyen prezidan an ka pran plizyè lòt delege demen nan kous Super Madi yo.

Malgre tout echèk depi lè primè yo te koumanse, Haley di li ap rete nan kous la omwen pou eleksyon Super Madi yo, malgre li refize di ki eleksyon primè ke li gen konfyans li ap genyen. Apre echèk semenn pase a nan eta lakay li ki se Kawolin di Sid, Haley te di ak tout fòs ke elektè nan kous eleksyon primè ki ap vini yo merite yon lòt chwa apa de Trump malgre se li ki domine kanpay la jous kounyea. Ajans nouvèl Associated Press fè konnen Haley pran tout 19 delege ki te disponib yo nan DC.

Washington se youn nan kote ki gen pi gwo pousantaj Demokrat nan nasyon an. Se sèlman 23.000 elektè ki anrejistre kòm Repibliken nan vil la.

Trump te pibliye yon deklarasyon touswit yon ti tan apre viktwa Haley a, lè li te konplimante manmzèl pou viktwa li

a kote li di “Demachè politik yo ak moun nan sistèm politik DC a yo rele Haley Rèn Kòripsyon an, paske yo vle pwoteje sistèm ki echwe a,” se konsa Trump te pale.