Tribinal Kou Siprèm Etazini pral Deside si Trump Gen Iminite Kont Akizasyon Lajistis.

FILE - Former U.S. President Donald Trump, flanked by his lawyers, attends the closing arguments in the Trump Organization civil fraud trial at New York State Supreme Court in the Manhattan borough of New York, Jan. 11, 2024.

WASHINGTON (AP) — Tribinal Kou Siprèm Etazini pwal deside si Trump gen iminite, kidonk pwoteksyon ki anpeche tribinal federal jije li.

Desizyon Tribinal Kou Siprèm lan pran pou l konsidere si Donald Trump ka fè fas ak lajistis nan dosye kote yo akize li pou efò manipilasyon nan eleksyon federal 2020 an, sa kreye yon gwo ensètitid kòmkwa dosye a kapab deranje kalandriye legal ak kalandriye politik peyi a pou plizyè mwa.

Desizyon Mèkredi a soulve posiblite ke yon jijman ta ka fè kolizyon ak dènye pati nan pwosesis eleksyon 2024 la - men tou posiblite ke yon jijman ki okòmansman te fikse pou mwa Mas ka pa fèt ditou ane sa a.

Tribinal Siprèm lan pral pran desizyon sou yon kesyon ki patko janm prezante devan li anvan sa legalman: se èske ansyen prezidan yo gen iminite pou lajistis pa pouswiv yo pou zak ofisyèl ke yo te poze lè yo te prezidan.