Jij bay Lòd pou Wete Trump sou Bilten Vòt yo nan Eta Ilinois

FILE —Former U.S. President Donald Trump attends the closing arguments in the Trump Organization civil fraud trial at New York State Supreme Court in New York, Jan. 11, 2024.

CHICAGO (AP) — Yon jij nan Konte Cook deside Konsèy Eleksyon Eta Ilinois dwe retire non ansyen Prezidan Donald Trump sou bilten vòt eleksyon ki gen pou fèt nan eta sila 19 mas ki ap vini.

Men li te bloke rezolisyon li an pou jiska Vandredi pou pèmèt pati defans lan ale ann apèl.

Jij Tracie Porter pran desizyon an apre yon gwoup elektè te chache retire non Trump sou bilten vòt la akoz atak 6 janvye 2021 sou kongrè Ameriken an.

5 elektè yo te pale pou di ke Trump pa kalifye pou okipe pòs prezidan ankò paske li te ankouraje revòlt sou Kapitòl la e pa te fè ase pou bloke li.