Fake News: Biden Pibliye yon Lòd Egzekitif ki Bay Moun Ki Antre Ilegalman Ozetazini yon Kat Visa ki Gen $5,000 sou li

Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pale ak jounalis yo apre li kite legliz Katolik St. Edmund nan Rehoboth Beach, Delaware, Samdi 17 Fevriye 2024.

Nouvèl sa a fo: Prezidan Joe Biden pibliye Lod Egzekitif 9066 ki bay moun ki antre Ozetazini ilegalman yon kat Visa ki gen $5,000 sou li.

Fè yo: Lòd Egzekitif 9066 se yon direktif Prezidan Fanklin D. Roosevelt te pibliye an 1942, ki bay otorizasyon pou Etazini wetire pa fòs nempòt ki moun kap viv sou Kòt Wès peyi a ke otorite yo kwè reprezante yon menas pou sekirite nasyonal la. Lòd egzekitif sa a te pare chimen an pou deplase epi fèmen nan prizon apepre 120,000 moun ras Japonè - pami yo sitwayen ameriken - nan epòk Dezyèm Gè Mondyal la.

Prezidan Gerald Ford te ofisyèlman sispann lòd sa a an 1976. Ekspè Imigrasyon di Associated Press ke moun ki antre Ozetazini ilegalman pa elijib pou asistans finansye federal, eksepte pou kèk Kiben ak Ayisyen. Okenn nan benefis sa yo pa enkli yon peman $5,000.

Pou 82èm anivèsè lod egzekitif la Lendi, kèk moun te fè erè deklare ke Lòd Egzekitif la nouvo, e ke li gen kòm bi pou ede moun ki travèse fwontyè Etazini ilegalman.

Pami mesaj moun pibliye sou rezo X la te gen youn ka Sharif Awondisman Pinal la, Mark Lamb, ki se yon Repibliken kap postile pou yon syèj nan Sena Etazini an kòm reprezantan eta Arizona. Misye pibliye yon videyo kote li bay manti pou di met sou kat Visa $5,000 yo, gouvènman an bay moun ki antre Ozetazini yon telefòn selilè ak yon biyè avyon pou ale nempòt ki kote yo vle Ozetazini.

Gouvènman Ameriken an pa bay asistans konsa.

Lòd Egzekitif Roosevelt siyen 19 Fevriye 1942 a, yon ti tan apre Japon te atake pò Pearl Harbor nan Hawaii, te debouche sou antre ofisyèl Etazini nan Dezyèm Gè Mondyal la. Lod la te pèmèt otorite yo weitre pa lafòs, nempòt ki moun ke otorite yo konsidere tankou yon menas pou sekirite nasyonal la. Yo te deplase moun yo epi mete yo nan kan refije. Gouvènman an te deklare imigran Japonè ak Japonè Ameriken yo taka konplote kont Etazini pandan lagè a malgre ke pi fò pami moun sa yo te granmoun aje, kokobe, timoun ak tibebe. Gen 2 tyè nan yo ki te sitwayen Ameriken.

Detansyon sa yo te kaba apre fen Dezyèm Gè Mondyal la an 1945. Prezidan Gerald Ford te ofisyèlman mete fen nan Lòd Egzekitif 9066 la 19 Fevriye 1976, ki te 34em anivèsè li. Yon lwa ki te pibliye an 1988 te dispoze $20,000 restitisyon pou sivivan kan sa yo, ansanm ak yon padon ofisyèl.

Moun ki antre Ozetazini ilegalman PA RESEVWA kat kredi ki gen $5,000 sou yo nan men gouvènman federal la e yo PA ELIJIB pou okenn asistans finansye federal. Gen eksepsyon pou kek Kiben ak Ayisyen. Dapre ekspè imigrasyon yo, okenn nan benefis sa yo pa enkli yon peman $5,000.