Izrayèl Frape ak Dronn Atak nan vil Jenin ki nan Sisjòdani

  • Serge Michel

Israel Palestinians

Lame Izrayèl la di jodi vandredi a li lanse yon frap dronn nan vil Jenin ki nan Sisjòdani okipe, yè jedi swa, kote li di li touye sa li sispèk kòm yon militan gwoup Jihad Islamik la.

Yon deklarasyon lame a di Yasser Hanoun te sou wout pou al lanse yon atak ak zam. Lame-a di Hanoun te konn enplike deja nan atak Jihad Islamik.

Sisjòdani wè plis vyolans depi atak ke Hamas te lanse 7 Oktob pase sou Izrayèl.

Yon lòt kote, prensipal anvwaye Nasyon Zini nan Mwayenn Oryan an di Konsèy Sekirite l-ONU an ke apre yon vizit nan Gaza semenn sa a, sa l wè se bagay ki “chokan e ensipòtab.”

“Mwen paka ensiste ase pou yon kanpo imanitè ijan nan batay-yo ak liberasyon otaj-yo,” se sa Tor Wennesland di Konsèy la ayè jedi a etan nan Jerizalem.

Madi, konsèy la ki gen 15 nasyon pa te reyisi adopte yon rezolisyon pou yon kanpo imanitè touswit, akoz Etazini te mete veto sou li. 13 manm Konsèy la te sipòte tèks la ke Aljeri te pwopoze, pandan Grand Bretay pa te vote.