Atak Ris nan Ikrèn

  • Serge Michel

Russia Ukraine War

Lame Ikrèn nan di jodi jedi a fòs ris yo atake pandan lannwit la ak 10 dronn ak yon misil.

Avyasyon millitè Ikrèn di defans aeryen peyi a detwi 8 nan dronn yo, e ke li te bloke yo sou rejyon Poltava, Dnipropetrovsk, Zhaporizhzhia ak Kharkiv.

Envazyon Ikrèn nan te tanmen 24 Fevriye 2022, e pandan 2èm anivèsè gè a ap rive, lidè yo nan gwoup G7 la gen pou yo fè yon reyinyon sou entènèt pou yo pale sou sipò yo pou Ikrèn.

Sekretè laprès Mezon Blanch Karine Jean-Pierre di jounalis yo ayè mèkredi a ke Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy ap patisipe nan chita-koze yo, e ke gwoup la pwal pale sou “mezi ke yo ka pran ansanm pou kontinye fè LaRisi pote responsablite li.”

Etazini ap pare tou pou devwale demen vandredi a yon nouvo seri sanksyon kont LaRisi pou ni envazyon li nan Ikrèn, ni lanmò lidè opozisyon Alexei Navalny nan prizon.