Evan Gershkovich Ap Rete nan Prizon Jiska 30 Mas

  • Serge Michel

US journalist Evan Gershkovich, arrested on espionage charges, looks out from inside a defendants' cage before a hearing to consider an appeal on his extended pre-trial detention, at the Moscow City Court in Moscow, Feb. 20, 2024.

Yon tribinal nan LaRisi di jodi madi a jounalis ameriken Evan Gershkovich ap rete nan prizon anvan jijman jiska 30 Mas, sa ki anile desizyon ke yon lòt tribinal te pran anvan sa pou fè repòtè jounal Wall Street la rete nan prizon apre dat sa a pandan li gen akizasyon espyonaj sou do li.

Gershokovich ak jounal la demanti akizasyon yo. LaRisi pa bay prèv pou sipòte yo.

Depatman Deta Etazini di Gershkovich te jwenn arestasyon san rezon.

Repòtè a ki gen 32 lane te jwenn arestasyon pandan li te nan yon vwayaj pou fè repòtaj nan vil Yekaterinburg nan LaRisi an Mas 2023.

Jodi madi a tou, laprès nan LaRisi rapòte ke otorite nan Yekaterinburg mete anba kòd yon dam ki gen doub sitwayènte ameriken-ris, anba akizasyon ke li te bay Ikrèn asistans finansye.

--