Fòs Izrayèl yo Kontinye Ak Atak Yo nan Gaza

  • Serge Michel

(FILES) People inspect the damage in a room following Israeli bombardment at Nasser hospital in Khan Yunis in the southern Gaza Strip on December 17, 2023, amid ongoing battles between Israel and the Palestinian militant group Hamas.

Fòs Izrayèl yo lanse atak aeryen ak operasyon atè jodi lendi a nan sid Gaza, pandan responsab sante nan Gaza di kantite Palestinyen ki pèdi lavi depi mwa Oktob depase 29,000.

Ministè sante Hamas la di 107 moun tonbe dimanch, e ke kantite total moun ki blese nan operasyon izraelyen yo nan Gaza depase 69,000. Ministè a konte sivil ak militan nan bilan li an men li di anviwon 2-tyè nan victim yo se fanm ak timoun.

Jeneral retrete Benny Gantz, ki se yon minis nan kabinè Premye-minis Netanyahu a, di ayè dimanch la si Hamas pa lage rès otaj ki anba men li yo nan Gaza anvan mwa Sen Ramadan an, “batay la ap mache rive nan zonn Rafah.”

Ramadan gen pou tanmen 10 Mas ki ap vini.

--