67 Moun Mouri nan Frap Ayeryèn Izrayèl Lanse nan Rafah

Palestinyen pote dey pou yon timoun ki mouri nan bonbadman Izrayelyen nan Rafah, Gaza, 12 Fevriye, 2024.

Frap aeryen Izrayèl atake vil Rafah nan sid Gaza, kote yo touye pou pi piti 67 moun, dapre responsab sante lokal yo. 1.400.000 sivil deja kouri pou lagè a.

Rezidan dekri gwo bonbadman, kote Izrayèl frape plizyè kay ak moske.

Lame Izrael di li frape kèk pozisyon kote teworis kache nan yon zonn nan Rafah, e ke frap yo te mache ansanm ak yon misyon ki libere 2 otaj izraelyen ki te anba men militan Hamas.

Premye-minis Izraelyen Benjamin Netanyahu chante lwanj pou operasyon an, kote li di « Izrayèl p ap rate yon opòtinite pou mennen tounen lakay moun ki rete kòm otaj nan Gaza.