Blinken Voyaje nan Arabi Saoudit

Saudi Arabia US Blinken

Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken rive nan Arabi Saoudit Lendi nan kad yon nouvo toune li kontinye ap fè nan Mwayen Oryan an kote li vize ankouraje yon kanpo nan batay ant Izrayèl ak gwoup palestinyen Hamas nan Gaza.

Avyon ki te pote chèf diplomasi Ameriken an te ateri nan Riyad, dapre sa jounalis AFP ki te akonpaye l te fè konnen.

Se premye eskal nan senkyèm vwayaj Blinken nan rejyon an depi lagè a te kòmanse nan dat 7 oktòb.

Apre sa li gen pou li vwayaje nan Katar, Ejip, Izrayèl ak Sisjòdani.