Etazini Frape Plis Pase 85 Sib nan Irak, La Siri nan Kad Repons Kif-Kif pou Atak ki Touye 3 Sòlda Ameriken nan Jòdani

Yon imaj satelit Planet Labs PABC montre yon baz milite ki rele Tower 22 nan nodes Jodani, Lendi 29 Janvye, 2024.

Etazini frape plis pase 85 sib nan Irak ak La Siri Vandredi ki lye ak Gad Revolisyonè Iran an ak milis yo apiye yo. Lame Etazini di atak sa yo se reprezay pou atak ki te lakoz 3 militè Ameriken te mouri nan Jòdani epi 40 lòt te blese.

Obsèvatè yo kwè atak sa yo se premye pami yon seri atak administrasyon Prezidan Joe Biden pase lòd pou lanse kòm repons pou atak milisyen Iran apiye yo te lanse.

Pandanke atak Ameriken yo pat sible teritwa Iranyen, gen anpil chans sa pral ogmante tansyon an nan Mwayen Oryan an kote lagè Izrayèl-Hamas la depase 3èm mwa li, kote lap goumen ak militan Hamas Palestinyen yo nan Gaza.

Lame Amerikèn deklare nan yon nòt pou laprès li pibliye ke frap li yo sible sant komann ak kontwòl, obi, misil, depo dron epitou enstalasyon ki gen rapò ak lojistik ak minisyon.

Frap yo te vize pliz pase 85 sib epi plis pase 125 minisyon.

Laprès leta Siryen deklare Vandredi ke "agresyon Ameriken" kont sib nan dezè peyi Siri ak fwontyè Siri ak Irak pataje lakoz yon pakèt moun mouri e blese.

Frap sa yo dewoule kèk he d tan sèlman apre Biden ak lidè Pantagon yo te asiste seremoni retou kadav 3 sòlda Ameriken ki te mouri Jòdani yo, ki te dewoule nan Baz Aviyasyon Dover nan eta Delaware.

Atak Jòdani an se premye atak kote twoup Ameriken mouri, depi lagè Izrayèl-Hamas la komanse nan mwad Oktòb ane pase.

Etazini detemine ke dron ki touye sòlda li yo epi blese plis pase 40 moun te fabrike an Iran, dapre sa yo di ajans nouvèl Reuters.

Sepandan Pantagon nan di li pap chache fè lagè ak Iran e ke li pa kwè Teheran vle yon gè non plis. Pandansetan, Repibliken yo ap mete presyon sou Biden pou l frape Iran dirèkteman.

Anvan atak Ameriken yo Vandredi, Prezidan Iranyen Ebrahim Raisi te deklare Iran pap chache lage men li pral "reponn ak fòs" nempòt ki tantativ yon peyi ta fè pou kraponnen l.

Gad Revolisyonè yo redui deplwaman ofisye wo plase yo nan La Siri akoz yon seri atak Izrayelyèn ki lakoz san koule. Yo di yo pral konte pi plis sou milis Shi'it ki afilye ak yo pou mennen operasyon nan rejyon sa a.