Izrayèl yo pilonnen Zònn Toupre Refij Palestinyen

  • Serge Michel

A Palestinian holding a baby walks past ammunition containers left behind by Israeli troops as she flees Khan Yunis in the southern Gaza Strip further south on February 2, 2024, amid ongoing battles between Israel and the militant group Hamas.

Fòs Izrayèl yo pilonnen zonn toupre dènye refij Palestinyen yo nan dènye bout sid Gaza, jodi vandredi a, kote dè santèn moun ki kouri kite kay yo al refijye, nan zonn fwontyè ak Ejip. Yo pè pou Izrael pa al atake zonn nan, pandan yo pa gen lòt kote pou yo jete yo.

Plis pase mwatye nan 2300 mil rezidan Gaza pa gen kay pou yo rete kounyea e yo gonfle kò yo youn sou lòt nan Rafah, kote dè dizèn milye sot rive ak zafè yo nan men yo pandan yo ap rale timoun yo nan ti charyo, depi fòs Izrael yo te lanse youn nan pi gwo ofansiv nan lagè a, semenn pase, pou sezi Khan Younis, ki se prensipal vil nan sid Gaza.

Si tank Izrael yo kontinye vini, “nou pwal gen sèlman 2 chwa devan nou: rete mouri oubyen grenpe miray pou jete nou ann Ejip,” se pawòl Emad ki gen 55 lane, yon òm dafè ki gen 3 pitit. Li di: “pifò popilasyon Gaza a nan Rafah kounyea. Si tank yo vini, se pwal yon masak tankou nou pako janm wè nan lagè sa a.”