Yon Wobo AI Kreye Pran Pòz Biden Epi Rele Elektè pou Dekouraje yo Vote nan Primè New Hampshire la

Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pale nan Sal Es Lamezonblanch la, nan Washington, 19 Janvye, 2024.

Biwo Minis Jistis eta New Hampshire fè konnen lap mennen ankèt sou yon seri apèl yon wobo ki sèvi ak entelijans atifisyèl ap fè kote li kopye vwa Prezidan Joe Biden epi dekouraje elektè yo patisipe nan eleksyon primè Madi a.

Minis Jistis John Formella deklare Lendi yon mesaj anrejistre ke moun resevwa Dimanch sanble se yon tantativ ilegal pou gate epi siprime vwa yo nan eleksyon an.

Misye di elektè yo pa dwe okipe kontni mesaj sa a.

Sanble tantativ sa a, ki vize siprime vwa elektè yo a travè teknoloji AI la se yon egzanp de sa ekspè yo di pral lakoz ane elektoral 2024 la ap chache ak dezenfomasyon tankou sa moun poko janm wè anvan - toupatou nan mond lan.