Lajistis Etazini Akize yon Ansyen Diplomat Ameriken Dèske li Tap Travay Kòm Ajan Sekrè Kiba

Foto Achiv: Anblem FBI sou miray yon sikisal ajans federal envestigasyon an nan Omaha, Nebraska 10 Out 2022.

Depatman Jistis Etazini fè konnen yon ansyen diplomat Ameriken ki te anbasadè Etazini nan Bolivi ap fè fas ak akizasyon kom kwa li tap travay kom ajan sekrè pou sèvis ransèyman Kiba depi omwens 1981.

Nouvo dokiman legal tribinal la fèk rann piblik akize Manuel Rocha dèske li te patisipe nan "aktivite klandesten" pou Kiba pandan plizyè deseni. Pami aktivite sa yo te genyen rankont ak ajan ransèyman Kiben.

Lajistis depoze plent la nan tribinal federal Miami. Li akize Rocha dèske li tap travay ilegalman kom ajan yon gouvènman etranje ak plizyè lot krim anko.

Misye sipoze konparèt devan tribinal Lendi.

Li poko klè si misye gen yon avoka.