Repibliken Di Yo pap Bay Ikrèn Plis Èd si pa gen Lajan tou pou Mete Sekirite Sou Fwontyè Etazini yo

Migrants camp at the border wall on the U.S. side

WASHINGTON (AP) — Kongrè a retounen travay semèn sa a apre konje ke li te pran pou semèn fèt la nan Etazini, e Repibliken yo nan Sena a pale klè pou di ke yo p ap sipòte plis èd pou Ikrèn sof si li ta makònnen ak mezi pou sekirite fwontyè yo.

Ekzijans sa a pran youn nan sijè ki fè plis pale anpil epi antre li nan deba sou politik afè etranjè Ameriken an ki deja difisil.

Yon ti gwoup senatè nan tou 2 pati yo ap chache yon konpwomi ki ta pèmèt yo jwenn 60 vwa ki nesesè nan Sena a.

Men, menm si senatè yo ka jwenn yon akò, pa gen okenn garanti li pral pase nan Chanm depite a ke Repibliken yo kontwole.

Repibliken yo espere ke Demokrat yo pral santi presyon politik apre kantite migran ki travèse fwontyè ilegalman rive depase an mwayèn 8,000 chak jou pou sezon otòn nan.