Prezidan Joe Biden Planifye pou l Pa Patisipe nan Chita Pale Nasyonzini Ap Fè Sou Klima Semèn sa a nan Dubai

US President Joe Biden delivers remarks on new actions to strengthen supply chains at the Indian Treaty Room of the White House in Washington, DC on November 27, 2023. (Photo by ANDREW CABALLERO-REYNOLDS / AFP)

WASHINGTON (AP) — Prezidan ameriken Joe Biden planifye pou l pa patisipe nan chita pale sou klima ki ap fèt nan Dubai semèn sa, yon evènman ki ap atire plizyè chèf deta ak diplomat ki soti nan plis pase 200 peyi ak Vatikan an.

Biden patisipe nan evènman sa 2 fwa deja.

Otorite Mezon Blanch yo di administrasyon an ap voye yon ekip ki jere dosye klima nan evènman sila, ekip ki ap gen ladann Anvwaye Espesyal John Kerry, konseye sou klima Ali Zaidi ak konseye sou enèji pwòp John Podesta.

Biden te deja pwomèt pou l vizite Afrik anvan fen ane a, men vwayaj sa pa sanble ap fèt nonplis tou.