Trump di Prezidan eli Ajantin an, Javier Milei, li planifye pou l vizite Buenos Aires.

Election 2024 Trump Foreign Leaders

BUENOS AIRES, Ajantin (AP) — Ansyen Prezidan Donald Trump te di Javier Milei ki se Prezidan eli Ajantin nan, li planifye pou l vwayaje ann Ajantin pou rankontre l.

Biwo Milei a te di Jedi, Trump te rele Milei pou felisite l pou viktwa li nan eleksyon prezidansyèl la.

Biwo a pa t bay yon dat konsènan vizit ansyen Prezidan repibliken an Trump gen entansyon fè Buenos Aires, kapital peyi anden an.

Prestasyon sèman mesye Javier Milei a fikse pou 10 desanm pwochen

Milei te eksprime admirasyonn pou Trump, e yo konpare ak Trump.

Konvèsasyon Milei ak Trump Mèkredi swa a te fèt kèk èdtan apre Milei te pale ak Prezidan democrat la , Joe Biden.

Lamezon Blanch te di, prezidan Biden te felisite mesye Milei pou viktwa elektoral li a.