Gaza: Izrayèl Arete Direktè Lopital al-Chifa

An image grab from a file handout video released by the Hamas Media Office, shows doctor Mohammad Abu Salmiya, director of Al-Shifa hospital in Gaza City, giving a press briefing on on November 1, 2023 regarding the repercussions of fuel shortages on the

Otorite Izrayèl yo anonse jedi, yo arete Direktè al-Chifa, pi gwo lopital nan Gaza, ansanm ak yon chèf depatman enstitisyon an, anba kontwòl lame a ki di l ap chèche enstalasyon nan Hamas nan lopital la.

Yon responsab nan Ministè Sante mouvman Islamis Palestinyen an te di AFP "Doktè Mohammed Abou Salmiya te jwenn arestasyon n , e yo te arete tou 2 enfimyè ak yon lòt doktè ".

Doktè a "transfere pou l reponn kesyon" sèvis ransèyman lame Izrayèl .

Lame Eta Ebre a presize , "Anba administrasyon l, lopital la te tounen bastion anpil aktivite teworis gwoup Hamas la . Ankèt la pral detèmine "si li pral sibi plis entèwogasyon toujou".

Jiska dènyèman la a, Izrayèl te prezante Al-Chifa kòm sant kòmand prensipal operasyon Hamas nan Gaza, yon akizasyon mouvman islamis palestinyen an demanti.

Pandan plizyè jou, sòlda yo fouye pyès-pa-pyès gwo sant ospitalye sa a nan Gaza.

Lame a te di li te gen "prèv" al-Chifa se yon "sant" nan operasyon Hamas yo.

Yo fè konnnen tinèl yo jwenn anba lopital la t ap itilize elektrisite ki alimante dirèkteman lopital la.

Otorite militè Izrayelyèn yo te finbi pou di jedi a, "Anplis de sa, Hamas te estoke anpil zam andedan lopital la".