Salvadò Enpoze Enpo $1,130 sou Migran ki Rive nan Prensipal Ayewopò Peyi a

Foto Achiv: Pwofese lekol retrete Tom Wingo ki se manm gwoup charite Samariten San Fwontye (a dwat) remet manje ak boutey dlo bay yon gwoup migran ki di yo se moun peyi End, apre yo fek sot travese miray sou fwontye Etazini ak Meksik la, 29 Out, 2023.

Gouvenman Salvadoryen an komanse enpoze yon enpo $1,130 dola sou vwayaje ki soti nan plizyè douzèn peyi e kap rive nan prensipal ayeropò peyi a.

Mezi a vini apre Etazini mete presyon sou Salvadò pou l ede kontwole sikilasyon migran kap travèse peyi a pou rive sou fwontyè Etazini-Meksik la.

Depi fen mwad Oktòb la, sitwayen ki soti nan 57 peyi Afriken ak End te oblije peye frè a, dapre sa otorite aviyasyon Salvadoryen an rapòte.

Otorite aviyasyon yo pa di si mezi a vize redui migrasyon an. Yo dekri tarif la tankou yon "fre pou amelyore ayeropò a."

Sepandan gouvènman Salvadoryen an admèt ke li konstate yon gwo ogmantasyon nan vwayaje kap soti nan peyi sa yo ane sa a.