Mèsenè Wagner Sanble Antre nan Estrikti Gad Nasyonal LaRisi a

  • Serge Michel

Russia Belarus Wagner

Kèk gran pati nan Gwoup Mèsenè Wagner sanble antre nan estrikti kòmandman Gad Nasyonal LaRisi a (Rosgvardiya), dapre sa Ministè Defans Grand Bretay la di dimanch nan rapò sèvis ransèyman ke li fè chak jou sou Ikrèn.

Nouvo gwoup sa a sanble gen nan tèt li Pavel Prigozhin, ki se pitit gason defen Yevgeny Prigozhin, ki te dirije gwoup la anvan li te mouri nan yon aksidan avyon, kèk semenn apre li te òganize yon revolt kon tministè defans la Risi a.

Anplis, rapò a di ke konbatan ak pèsonèl medikal Wagner ap antre nan fòs epesyal Checheni yo.

Ministè Defans Grand Bretay-la di LaRisi ap ekzèse kounye kontwol pi dirèk sou aktivite Gwoup Wagner a.