Azi

Komès, Chanjman Klimatik sou Ajènda Somè APEC la, Men Tout Je Brake sou Rankont Biden-Xi a

Foto Achiv: Prezidan Joe Biden (a dwat) ak Prezidan Lachin Xi Jinping bay lanmen anvan rankont yo sou maj some G20 an nan Nusa Dua, Bali, Endonezi, 14 Nov. 2022.

Chèf Deta ki soti nan 21 peyi nan rejyon Oseyan Pasifik la pral vwayaje San Francisco semèn sa a pou asiste Rankont o Some Kowoperasyon Ekonomik Azi-Pasifik la - ou APEC. Se premye fwa depi 2011 ke Etazini ap oganize rankont la.

Lidè yo pral rasanble pou diskite sou kijan pou yo ogmante komès, envestisman ak kwasans ekonomik rejyon Pasifik la. Yo pral takle tou kestyon enpotan tankou chanjman klimatik ak entelijans atifisyèl.

Men evenman pi enpotan some a kapab dewoule sou maj yo -- an palan de rankont Prezidan Joe Biden gen pou fè ak Prezidan Lachin Xi Jinping.

Sepandan, Scott Kennedy, yon ekspè sou Lachin kap travay pou Sant Etid Estratejik ak Entènasyonal la di somè a gen enpotans li tou.

" Sitou ak rankont sa a nou ta dwe wè pwogrè nan yon varyete jefo pou fasilite komès toupatou nan rejyon an, fè fas ak chanjman klimatik, finansman ak plizyè lot kestyon anko. Donk petèt sijè sa yo pap okipe gran tit yo menm jan ak rankont Xi Jinping ak Biden nan. Men an tèm de enfluyans jeneral Lèzetazuni nan fome yon mond ki konfome ak enterè ekonomik, politik ak prensip nou yo - rankont APEC la gen anpil enpotans."


Ane sa a, konferans la ap dewoule nan moman kote relasyon ant Lachin ak Etazini refwadi anpil - pandan ke konfli Izrayèl Hamas la ak Ikrèn ak Larisi koze tibilans nan mond lan.

Sepandan fowom nan pa tèlman mize sou kriz entènasyonal. Li santre pito sou komès ak ekonomi e puisans gwoup la se kapasite li pou kite peyi yo travay ansanm sou gwo inisyativ epi jere relasyon komèsyal yo san yo pa siyen okenn ako obligatwa.

Lamezonblanch di objektif li pou somè a se rann ekonmi APEC yo pi reziyan, sitou nan moman kote chanjman klimatik poze anpil defi, epi pandemi global la ralanti livrezon pwodui yo.

Somè a bay Prezidan Biden yon opotinite tou pou'l kore relasyon li ak peyi Azi Pasifik yo epi klere limyè sou nouvo ako komèsyal Endo-Pasitik la- sitou nan moman kote yap fè anpil konpetisyon ak Lachin.

" Youn nan bagay ki pi enpotan nan diplomasi efikas nan rejyon Azi Pasifik la se senpleman reponn prezan. Li te difisil pou Prezidan Biden vwayaje an Azi otan ke li ta renmen. E pa fwa tokay li yo konn desu pasye yap konte sou Lèzetazuni pou lidèship. Donk rankont sa a ap dewoule San Francisco. Li pa gen okenn preteks pou l pa prezan. E fwa sa a, administrasyon an mete anpil efo nan rankont la. Donk pral gen anpil bagay ke yo pral eseye akonpli," Kennedy esplike.

Vreman vre, anpil moun ap tann rankont fas-a-fas Biden pral fè ak Xi a.

2 lidè yo pa pale an pèsonn depi mwad Novanm ane pase, sou maj rankont o somè G-20 an nan Bali, Endonezi. Gen anpil bagay ki pase apre sa, pou ogmante tansyon ant 2 gran puisans yo.

Malgre pèsonn pa atann ni aske gen gwo progrè pandan rankont la, analis yo di prensipal objektif la se reyafime angajman Etazini vizavi stabilizasyon relasyon li ak Lachin epi tabli yon kad konstriktif pou kowoperasyon yo nan lavni, sitou sou kestyon enpotan tankou Mwayèn Oryan an ak Ikrèn.

" Eske lachin ka mete presyon dèyè pot fèmen sou Putin pou fèl reyalize ke li pral oblije negosye yon lapè ki akseptab pou pèp Ikrenyen an. Eske Lachin ka mete presyon sou Iran oubyen Hamas pou rale ko yo epi wè si yo ka jwenn mwayen pou re-stabilize sityasyon an nan Mwayèn Oryan an. Gen divès aspè men se sa ki diplomasi wo nivo a. Donk gen anpil posibilite pou echèk men si ou pa pale - definitivman ou pap fè pwogrè," Kennedy deklare.

Rankont o Somè APEC la tanmen Samdi 11 Novanm e li pral fini 17 Novanm.

Ministè afè Etranje Lachin di Xi pral asiste rankont APEC la ant Madi 14 Novanm ak 17 Novanm sou envitasyon Biden e ke li pral patisipe nan rankont o some ak Etazini an.