Jòdani ap Raple Anbasadè li an Izrayèl Kòm Pwotestasyon kont Bonbadman Gaza

Palestinyen chache viktim anba dekonb yon bilding ki kraze nan kan refije Jabalia nan no Gaza, 2 Novanm, 2023.

Jòdani anonse mèkredi ke li ap rantre anbasadè li ki ann Izrayèl kòm pwotestasyon kont bonbadman ke Izrayèl ap fè sou Gaza, kote li pale de inosan k ap pèdi lavi e de kriz imanitè a. Jòdani di anbasadè li a ap tounen Tel Aviv sèlman si Izrayèl sispann aksyon militè li nan Gaza.

Menm jan an tou, anbasadè Izrayèl nan Jòdani, ki te pati, sa gen 2 semenn, nan kad menm pwotestasyon yo, ap gen dwa tounen sèlman sou menm kondisyon yo, dapre ministè afè etranjè Jòdani an.

Yon lòt kote, Sekretè Deta ameriken Antony Blinken ap vwayaje nan Mwayenn Oryan an semenn sa a, pandan Izrayèl ap ogmante atak revanj sou pozisyon Hamas nan Gaza.

Se Pòtpawòl Depatman Matthew Miller ki anonse nouvèl-la nan rankont ak laprès mèkredi.

“Sekretè Blinken al vwayaje Izrayèl ak Jòdani vandredi, sekretè-a pwal rankontre ak Premye-minis Benjamin Netanyahu ak lòt lidè nan gouvènman izraelyen-an pou-l resevwa dènye pwen-yo sou objektif millitè-yo.”

Nan Izrayèl ak nan Jòdani, Blinken pwal travay ak otorite peyi sa yo pou fasilite plis livrezon asistans imanitè pou sove lavi sivil nan Gaza.