Pap Franswa Pase Lòd pou Vatikan an Re-Louvri Ankèt sou yon Prèt-Atis yo Akize de Abi Seksyèl

Foto Achiv: Pap Franswa pale pandan odyans jeneral li konn fe sou plas Sen Pye a nan Vatikan an, 18 Oktob, 2023.

Pap Franswa Pase lòd pou Vatikan an relouvri anket sou yon prèt-atis ki byen konu ke yo akize de abi seksyèl, psikolojik ak spirityèl plizyè fi.

Vatikan an di Franswa wetire limit legal ki anpeche yo pouse pou pi devan ak ka a.

Vatikan an anonse nouvèl la yon jou sèlman apre dosye Reveran Marko Ivan Rupnik te okipe gran tit nouvèl yo, apre ki diyosèz nan peyi natal li Sloveni te konfime ke yo te akeyi l apre lòd Jezuit li a te ekspilse li nan sezon ete ki sot pase a.

Yon deklarasyon Vatikan an pibliye deklare komisyn prevansyon abu Pap Franswa a souliyen "pwoblèm grav" nan fason yo te jere dosye a, e se poutèt sa pap la pase a l aksyon.