Sou Sekretè Deta Nichols ap Vizite Salvadò

Sou Sekretè Deta Ameriken pou Zafè Emisfè Oksidantal yo, Brian Nichols rive Salvadò kote li rankontre Prezidan Nayib Bukele dèyè pòt fèmen.

Sou Sekretè Deta Ameriken pou Zafè Emisfè Oksidantal yo, Brian Nichols rive Mèkredi nan peyi Salvadò kote li rankontre Prezidan Nayib Bukele dèyè pòt fèmen.

Dapre nouvèl yo responsab yo diskite Eta de Dwa, dwa moun epi kowoperasyon migratwa ak sekirite.

Bukele te resevwa Nichols an prive nan Rezidans Prezidansyèl la nan apremidi. Anbasadè Etazini nan peyi Salvadò, William Duncan ak administratè adjwen Ajans Etazini pou Devlopman Entènasyonal la pou Amerik Latin ak Karayib la, Marcela Escobari te akonpaye l.

Anbasad Etazini pibiye yon mesaj sou rezo sosyal X la apre rankont l apou di ke yo te souliyen relasyon bilateral ak antan pou travay ansanm pou kore demokrasi nan Salvadò, pwogrè ekonomik epi sekirite pou tout sitwayen yo.

Sekretè Nichols bò kote pa li dekri rankont li ak Bukele kòm "ekselan" e li di yo te diskite sou apui peyi Salvado pou misyon entènasyonal pou Ayiti a.

Biwo Prezidans Salvado pibliye foto rankont la sou rezo X la.