Guterres Lanse Apèl pou Aksè Imanitè 'Tou Suit' pou Gaza

Sekrete Jeneral LONU Antonio Guterres rive sou fwontye Rafah a nan Ejipt, Vandredi 20 Oktob, 2023.

Nan moman pwovizyon pwodui premye nesesite yo ap diminye anpil nan Gaza, Sekretè Jeneral Nasyonzuni, Antonio Guterres lanse apèl pou aksè imanitè a anklav la, ki anba syèj.

Guterres ap vwayaje nan Mwayèn Oryan an pou gade preparasyon LONU ap fè pou livre yon pakèt sipò pou Gaza.

Guterres di jounalis yo ke pandan prèske 2 semèn moun Gaza ap viv prèske san gaz, manje, dlo, medikaman ak lot pwodui premye nesesite. Maladi ap pwopaje. Pwovizyon yo ap diminye, moun ap mouri."

Li dekri sityasyon an tankou yon moman kriz an pwofondè tankou sa rejyon an pa konstate depi plizyè dizèn lane. Li di se atak "atwòs" Hamas lanse kont Izrayèl 7 Oktòb pase a ki lakoz syèj Izraelyen an ak bonbadman li sanzarè kont Gaza.

Chèf LONU an mande 2 aksyon imanitè tou suit fas ak katastwòf imanitè a.

Li mande pou Hamas lage san kondisyon tousuit, tout otaj yo. Li mande Izrayèl poul sispann tou suit bloke aksè a asistans imanitè pou ke yo ka reponn bezwen de baz moun Gaza yo.

"Okenn solisyon pa posib san kreyasyon yon eta Palestinyen endepandan, bò kote Izrayèl kote gen garanti sekirite sou tou le 2 bò yo ann akò ak rezolisyon entènasyonal yo ak akò ki te tabli ant 2 pati yo."


Guterres gen pou l patisipe nan yon somè entènasyonal sou Gaza ke Prezidan Ejipsyen an ap òganize pou Samdi sa a 21 Oktòb.