Sekretè Defans Ameriken Austin di Netanyahu "Nap Apiye w" Apre Atak Hamas la

Sekrete Defans Etazini Lloyd Austin (a dwat) ak Minis Defans Izraelyen an Yoav Gallant nan Tel Aviv, 13 Oktob, 2023.

Sekretè Defans Etazuni Lloyd Austin di lidè Izraelyen yo pandan vizit li nan peyi a yo gen sipò li, premye semèn lagè a kont gwoup militan Hamas la.

Austin pa kritike Vandredi, apèl Izrael lanse e ki fè tout moun sezi, pou mande yon milyon sivil evakye rejyon nò Gaza anvan sa anpil moun krenn pral yon ofansiv terès.

Austin te rankontre Premye Minis Izraelyen Benjamin Netanyahu ak minis defans li epi Kabinè Lagè a.

Vwayaj Austin nan vini yon jou apre Sekretè Deta Antony Blinken te rive nan rejyon an pou eseye evite pou konfli a pa pwopaje nan rejyon an.

Prezidan Joe Biden di pwogram "60 Minutes" chèn televizyon CBS la ke li pral pale Vandredi ak fanmi otaj Ameriken Hamas kenbe yo.