Bonbadman Izraelyen Ratibwaze Katye Boujwa Palestinyen Rimal la

Palestinyen mache pami debri yon katye ke atak ayeryen Izrael yo detwi nan Gaza Siti, 10 Oktob, 2023.

Apre yon nuit atak ak bonb entans, popilasyon Palestinyen nan tap redi pou detèmine konbyen dega katye boujwa ki rele Rimal la sibi anba lavil Gaza siti.

Kayte sila a gen sant acha, restoran, bilding rezidansyèl ak biwo ONG yo ak laprès entènasyonal. Li sitye lwen ak vil ki sitye sou fwontyè Izrael la ak kan refije pou moun defavorize yo.

Izrael frape Rimal, ki se katye jeneral plizye ministè gouvènman Hamas la nan lagè 2021 an, men li poko janm atake l jan sa ap fèt kounyea.

Palestinyen yo konsidere katye sila a ki gen gwo boulva ki chaje ak salon bote, magazen felafel ak pizzeria tankou kè Gaza siti.

Pou anpil nan moun sa yo, magnitid devastasyon yo konstate gen yon siyifikasyon senbolik paske li afekte klas mwayèn nan ak boujwazi a.