Yon Rapò Ransèyman Preliminè Ameriken Montre Atak Hamas la Siprann Lidè Iranyen yo

Moun pote dey pou solda Izraelyen ki fek antere apre yo te mouri nan atak Hamas lanse kont peyi a, 11 Oktob, 2023.

Rapò preliminè ajans ransèyman Ameriken yo montre lidè Iranyen kle te sezi tande gwoup Islamis Hamas la atake Izrael. Se sa yon sous ki familye ak rapò yo di ajans nouvèl Reuters.

Sous la di d abitid lidè Iranyen sa yo te o kouran de yon operasyon konsa.

Lamezonblanch pa reponn demann Reuters fè pou kòmante sou kestyon an.

Konseye Lamezonblanch sou kestyon ki gen rapò ak Sekirite Nasyonal, Jake Sullivan deklare Madi ke Lezetazini pa gen konfimasyon ke Iran lye a atak la.

Misye di jounalis yo: " Nap pale ak alye nou an Izrael chak sou sou kestyon sa a. Nap revize tout ransèyman nou genyen pou wè si nou gen lòt enfòmasyon sou sa."

Hamas, yon gwoup Iran apiye, te lanse yon atak sipriz kont Izrael Samdi ki touye plizyè santèn Izraelyen. Yo te sezi tou plizyè douzèn otaj.

Izrael ogmante bilan viktim li a 1,200 epi di gen plis pase 2,700 moun ki blese, dapre lame a.

Apre atak sipriz la, Izrael te bonbade Gaza kom revanj epi bloke anklav la.

Responsab Palestinyen yo di gen 5,184 moun ki blese, epi 1,055 mouri. Nasyonzuni bò kote pa li fè konnen li gen 9 anplwaye ki tap travay pou ajans refije Palestinyen an ki pami viktim yo.