Izrael Fòme yon Gouvènman Inite pou Jere Lagè Kont Hamas la

Lafimen gaye apre yon atak ayeryen Israelyen nan Gaza Siti, Mekredi 11 Oktob, 2023.

Premye Minis Izraelyen an Benjamin Netanyahu ak yon politisyen opozisyon wo plase kreye Mèkredi yon Kabinè tan lagè kap jere lit pou vanje atak sipriz militan Hamas yo lanse kont Izrael pandan wikènn nan.

Nan Gaza ke Izrael bloke e ke Hamas kontwole, la soufrans Palestinyen yo ogmante nan moman bonbadman Izraelyen yo detwi katye epi sèl santral elektrisite teritwa a finn epuize rezèv gazolinn ni.

Nouvo Kabinè tan lagè a rapyese yon degre inite apre plizyè zane divizyon politik anmè. Pandansetan sanble gen plis chans pou lame Izrael la lanse yon ofansiv atè pou fonse antre Gaza.

Nouvo kabinè a ap gen kom manm Netanyahu, Benny Gantz - ki se yon responsab wo plase opozisyon an ak ansyen minis defans, epi Minis Defans aktyèl la, Yoav Gallant.

Kabinè a pral konsantre tout atansyon li sou lagè a.