Izrael Kontinye Frape Pozisyon Hamas yo

Palestinyen yo chache moun ki blese nan dekonb yon bilding rezidansyel ki detwi pandan yon atak ayeryen Israelyen, Madi 10 Oktob, 2023.

Israel di madi lame li frape dè santèn pozisyon nan Gaza pandan lannwit la, kèk èdtan apre Premye-minis Benjamin Netanyahu te di ke fòs peyi li fèk kare goumen ak militan Hamas yo.

Pòtpawòl lame a Richard Hecht di yo jwenn kadav 1500 konbatan Hamas sou teritwa Israel apre yo te fin antre nan peyi a samdi a, e ke okenn militan pa te antre nan Israel depi lendi.

Pami pozisyon ke Israel te vize nan dènye frap aeryen yo gen zonn Rimal nan vil Gaza, ki gen plizyè ministè ak bilding gouvènman Hamas.

“Sa nou pwal fè lènmi nou yo nan jou ki ap vini yo pwal rete nan lespri yo pandan dè jenerasyon,” se pawol Netanyahu nan yon diskou li fè lendi swa.

Yon pòtpawol militè Hamas lanse menas pou di konbatan li yo ap touye youn nan 150 otaj sivil ki anba men Hamas chak fwa Israel vize sivil nan Gaza san avètisman.

Minis Defans Israel Yoav Gallant di nan yon deklarasyon sou video ke Israel ap mete yon syèj konplè sou Gaza, koupe tout elektrisite, manje, dlo ak gaz nan Gaza.