Repiblik Dominikèn Entansifye Fèmti Fwontyè a Akoz Konstriksyon Kanal Wanament la

HAITI-DOMINICAN REPUBLIC/

Repiblik Dominikèn anonse nouvo mezi pou ranfòse kontwòl li sou fwontyè li pataje ak Ayiti an. Ladann gen yon pwolongasyon endefini fèmti fwontyè a ke li te mete an plas mwa pase a epi yon ogmantasyon nan fòs militè li yo. Dominiken yo di yap mete ann aplikasyon yon nouvo entèdiksyon sou pwodui ekspòtasyon.

Repiblik Dominikèn te fèmen fwontyè li ak Ayiti mwa pase a. Li te site kom rezon konstriksyon kanal sou Rivyè Masak la ke 2 peyi yo pataje. Dominiken yo di konstriksyon an vyole yon trete ki te siyen ant 2 peyi yo.

Gouvènman Ayisyen an reponn pou di li apiye dwa sitwayen li yo genyen pou itilize yon fason ekitab, dlo yo pataje a e li kontinye favorize diyalòg pou rezoud pwoblèm nan.

Semèn pase a, Prezidan Dominiken an Luis Abinader, kap chache re-eli nan pòs li ane pwochèn, deklare yon kanal yo patap sèvi sou bò Dominiken an pare pou l rekòmanse fonksyone e ke yap planifye pou yo kontwi 2 baraj sou rivyè a.

Oganizasyon Eta Ameriken yo lanse apèl pou Dominiken ak Ayisyen reprann diyalòg yo.

Anba nouvo mezi Dominiken yo, ekspòtasyon elektwonik, siman ak lot materyo konstriksyon ap entèdi - pou anpeche konstriksyon estrikti ki menase rivyè a ak resous ki lye avè l.

Gouvènman an di yo pwal lanse tou "koridò komèsyal pwovizwa" nan pwovens ki sitye sou fwontyè a pou fasilite komès. Li di lame a va kontwole sevèman aktivite sa yo ansanm ak pwodui tankou manje ak medikaman.

Sen Domeng di li pral sispann endefiniman, viza pou sitwayen Ayisyen epi kreye yon fon pou finanse yon pwogram agrikòl ki va redui kantite travayè imigran san dokiman ke antrepriz yo anboche.

Nouvo mezi sa yo ap antre ann aplikasyon Mèkredi 11 Oktòb.