X Pwomèt Repons nan Pi Wo Nivo sou Mesaj ki Gen pou Wè ak Konfli Israel-Hamas la

Foto Achiv: Travaye enstale limye sou yon "X" ke yo mete sou twa katye jeneral rezo sosyal moun te konnen kom Twitter anvan sa, nan San Francisco, 28 Jiye, 2023.

Rezo sosyal X la, ke moun te konnen kòm Twitter anvan, di lap eseye pase a l aksyon sou yon seri mesaj moun ap pibliye ki montre karnaj lagè a, pawòl vyolan ak konpòtman rayisab vizavi lagè a.

X di lap trete kriz sa a epi reponn ak mesaj yo nan nivo pi wo a.

Sepandan gwoup ki veye sakap pase sou rezo yo di gen anpil dezenfòmasyon sou lagè a ki pibliye sou platfòm milyadè Elon Musk te achte ane pase a.

Musk rekomande kèk kont ki pa fyab kap pibiye mesaj sou lagè a.

Reduksyon li fè nan anplwaye yo apre li te pran kontwòl Twitter ane pase a lakoz gen mwens moun ki responsab pou efase e pase a laksyon sou mesaj ki vyole politik platfòm nan.