Plizyè Santèn Manifestan Pran Lari Nouyòk pou Montre Sipò pou Israel, Palestinyen yo

Manifestan pwo-Palestinyen nan Nouyok siti, Dimanch 8 Oktob, 2023.

Gen 2 manifestasyon separe ki te dewoule nan lari Nouyòk Dimanch apremidi.

Nan premye a, plizyè santèn manifestan pwo-Palestinyen te rasanble sou plas Times Square la pou eksprime sipò yo pou atak Hamas lanse kont Israel la ki koze lanmò dè santèn moun. Yo di atak la jistifye.

Munif Atalla abite Nouyòk:


" Mwen kwè nempot ki sa nou wè fok nou gade l nan yon konteks istorik. Fòk nou gade l nan konteks 75 zan netwayaj etnik Israelyen yo, dechoukaj ak zak vyolans yo komèt kont Palestinyen yo."


Maria Gil se moun Nouyòk tou:

" Se yon orè pou moun blame yo pou reyaksyon yo. Mwen pa pwo-vyolans pou okenn moun. Men se reyalite a. Se yon orè. Mwen vle pou moun konprann Palestinyen se moun e yo merite lib."

Pa lòt bò vil la, devan katye jeneral Nasyonzuni, plizyè santèn manifestan te rasanble pou montre solidarite pou moun Israel.

Shimon Karni tap pwoteste:

"Nou la pou apiye gouvènman Israelyen an kont krim rejim Hamas la e pou apiye pèp Israelyen an. Moun mwen. Mwen isit e map kriye avèk yo. To ou ta nou pral chase yo. Nou pral chase tout."

Anpil moun di yo pa konprann ditou poukisa Hamas lanse atak la.

Ellen Weisman tap pwoteste tou:

"Yo kidnape tibebe, timoun piti, yo pran kay daso. Yap sevi ak yo kòm pyon pou eseye libere teworis. Se yon bagay fou."

Pandan manifestasyon yo tap dewoule nan lari, Majistra Nouyòk la Eric Adams te reafime apuili pou Israel sou Twitter.

Mesaj li di: "Nan moman kote inosan ap mouri asasinen epi yap kidnape timoun an Israel, li degoutan ke yon gwoup ekstremis ta montre sipò pou teworism. Mwen rejte ide sa a. Pa sevi ak lari nou pou pwopaje lahèn."

Konfli a fèk kòmanse - e gen anpil chans pou manifestasyon tankou sak dewoule Nouyòk yo pral kontinye.


Jounalis VOA nan Nouyòk Aron Ranen ekri vesyon orijinal repotaj sa a ann Angle