Manifestan Israelyen, Palestinyen te Dozado nan Eta Washington

Your browser doesn’t support HTML5

Manifestan Israelyen, Palestinyen te Dozado nan Eta Washington

Te gen 2 manifestasyon Dimanch, nan Kirkland. Dyaspora Israelyen te vinn apiye peyi yo nan lagè kont Hamas la apre atak sipriz ki te dewoule Samdi.

Manifestan Pwo-Palestinyen yomenm te pran lari pou eksprime sipò yo pou Gaza ak sa yo dekri tankou "dwa Palestinyen yo genyen pou reziste."

Sityasyon an te vinn pi chofe lè manifestan Israelyen yo te akize Palestinyen yo dèske yo se teworis.

"Ou menm jan ak yo! Ou menm jan ak yo!" yon manifestan tap rele byen fò.

Lapolis lokal te sevi ak fizi moun konn sèvi pou tire penti epi gaz pimante pou dispèse manifestan yo, ki te pran refij sou 2 bò lari a.

"Soti nan rivyè pou rive nan lanmè Palestin pral lib!" yon manifestan Palestinyen deklare.

Manifestan pwo-palestinyen yo te pote pannkat ki mande liberasyon tout prizonye Palestinyen yo epi kritike asistans milite Etazini ap bay Israel.

Patisipan nan manifestasyon pwo Israel la te flote drapo Israelyen ak Ameriken, epi pote pannkat ki gen imaj viktim atak Hamas la. Gen kèk ki di yo sezi wè moun Ozetazini ap apiye sa yo ki fè ekspre touye epi kidnape fanmi ann antye.


Manifestan Ofek Bashari di: "Yo vle pou nou mouri, yo pa vle lapè. Yo pa vle anyen. Yo tap planifye atak sa a depi plizyè mwa. Yo tap tann. Gen plis pase 800 moun ki mouri. 200 kidnape. Ganmoun, timou, tibebe, fanm."


Ofek Bashari di lap patisipe nan evenman sa a pou apiye Israel e ke sa ede kominote ki boulvèse akoz trajedi sa a.

" Mwen pa santi m byen. Mwen santi se sèl bagay mwen ka fè paske mwen lwen ak fanmi ak zanmi mwen. Nou gen fanmi ke Hamas kapture. Nou gen zanmi ki nan lame kounyea. Yo prale e se yon bagay fou. Sakap pase lòt bò a se yon tèt chaje."

Sou bò Palestinyen an, Amin Odeh deklare zak vyolans yo pat kòmanse ak atak Samdi a.

"Nou vini pou montre sipò nou pou moun Gaza yo. Yap viv anba syèj depi 17 an. Pesonn pa renmen we sivil sibi atak. Donk nap di moun ke Israelyen yo kidnape moun nou. Yo gen 7,00 Palestinyen fèmen nan prizon Israelyen yo. E nou paka di se yon bagay ki komanse ye. Li kòmanse an 1948. Sa fe 75 zan, se pa yon bagay ki kòmanse wikènn sa a.

Apre prèske 2 ze d tan, tou le 2 manifestasyon yo te dispèse nan lapè.

Repòtaj jounalis VOA Natasha Mozgovaya depi Kirkland, eta Washington