Septanm 2023 se te mwa ki te pi cho ke mond lan te janm konnen

FILE - A cyclist tops a hill on a hot day at sunset, Aug. 20, 2023, in San Antonio. The U.N. weather agency said Earth sweltered through the hottest summer ever as record heat in August capped a brutal three months in the Northern Hemisphere.

Obsèvatwa Ewopeyen Copernicus anonse jedi 5 Oktòb la ke mwa, "Septanm 2023 se te mwa Septanm ki pi cho ke mond la te janm anrejistre", e ke Septanm 2023 te bat rekò ane 2020 an ke li te kite byen lwen dèyè.

Avèk yon tanperati 16.38 ° C an mwayèn sou sifas tè a, mwa ki sot pase a pa nòmal ditou e li san parèy", kote li depase rekò mwa septanm 2020 ak yon diferans 0.5 ° C.

Copernicus kontinye pou l di mwa Septanm 2023 gen diferans "1.75 °C sou mwayèn lòt mwa septanm yo nan tanperati pou peryòd 1850-1900".