Gouvènman Federal la Pap Fèmen Apre Kongrè a Apwouve yon Mezi Pwovizwa ke Biden Siyen Anvan Minui

Vot total nan Sena a - 88-9 pou yon lwa pwovizwa pou finanse operasyon gouvenman federal la Samdi 30 Sept. 2023 nan Washington.

Kongrè a evite a la dènyè minit, fèmti gouvènman federal la apre Lachanm ak Sena a te apwouve samdi, yon pwojè lwa ki va finanse ajans federal yo pwovizwaman jiska 17 Novanm.

Palmantè yo adopte lwa a kèk hè sèlman anvan minui, epi apre sa, Prezidan Joe Biden te siyen'l rapido presto.

Prezidan an deklare "se bon nouvèl pou pèp Ameriken an."

Pwojè lwa yo adopte a, kite tonbe asistans pou Ikrèn men li ajoute lajan pou ede Ameriken ki sibi dega lakay yo nan ka dezas.

Depite Lachanm yo te apwouve pwojè lwa a apre lidè Kevin McCarthy te abandone plan li te genyen pou fè gwo koupi epi konte sou Demokrat yo pou ede l pase.

Biden di li atann ni aske McCarthy "respekte angajman" li pran vizavi pèp Ikrenyen an epi konvenk Repibliken parèy li yo pou yo apwouve asistans pou peyi a nan "moman kritik sa a" nan lagè ak Larisi a.