Gwoup Mèsenè Wagner a Retounen Sou Chan Batay yo nan Ikrèn

  • Serge Michel

Britain Russia Wagner

Anviwon 500 mèsenè ki te goumen nan kan twoup ris yo nan Ikrèn anvan yo te jete yo nan Byelorisi apre yon revòlt tou kout nan mwa Jen pase, retounen kounyea sou liy konba yo pou yo goumen ankò ak fòs Kyèv yo, se sa yon pòtpawòl lame Ikrèn nan di mèkredi.

Fondatè Wagner a, Yevgeny Prigozhin, pèdi lavi li nan yon aksidan avyon nan LaRisi, mwa pase a, sa ki te soulve kesyon sou avni fòs li yo. Kèk nan yo, yon afè 6-mil, pran

pozisyon nan Byelorisi depi 3 mwa, pandan gen lòt ki ap sèvi ann Afrik, kote Wagner ap mennen operasyon.

Anviwon 500 nan yo retounen pou goumen pou LaRisi nan Ikrèn, dapre Ilya Yevlash, ki se pòtpawòl Fòs nan Gwoup Lès-yo nan Ikrèn, ki te pale ak RBC-Ukraine, yon radio nan Ikrèn. Yevlash di ke Ministè Defans ris la te renegosye contra ak mèsenè ki retounen yo.