Nijè: Anbasadè Franse a Kite Niamey

FILE - Sylvain Itte, French Ambassador to Niger, greets French journalist Olivier Dubois, center, at the airport in Niamey, Niger, March 20, 2023. Itte left Niger on Wednesday, about a month after the military government ordered his expulsion.

Anbasadè franse a nan Nijè kite Niamey byen bonè nan maten Mèkredi 27 Septanm nan, se sa rejim militè ki sou pouvwa a te mande bò kote otorite nan Paris, e Lafrans te fini pa sede apre plizyè semèn hing hang ant 2 peyi yo.

"Anbasadè a", Sylvain Itté, "ak sis kòlèg li kite Niamey Mèkredi vè 4 è a.m." (03:00 GMT), dapre sa yon sous diplomatik di AFP.

Yon sous nan Ministè Enteryè nan Nijè di AFP ke avyon an te ale nan direksyon peyi Chad.

Dimanch nan aswè, prezidan fransè Emmanuel Macron te anonse ke Itté ap retounen nan Paris "nan kèk èdtan".

Jent la te pran pouvwa nan Nijè nan kou deta 26 jiyè a.

Militè yo te mande Itté pou li kite peyi a depi nan fen mwa Out la

Yo te retire iminite ak viza diplomatik li, men Paris te refize raple l.