Solda Ameriken Travis King ki Te Sove Ale Kore Kore Di Nò, Twouve l Kounya anba men Otorite ameriken yo

South Korea North Korea US

SEOUL, Kore di Sid (AP) — Yon otorite ameriken di ke Travis King anba men Ameriken.

Sòlda ameriken an te travèse fwontyè pou antre Kore di Nò nan mwa Jiyè pase.

Otorite ameriken an di Mèkredi ke yo transfere King anba kòd bay Ameriken nan peyi Lachin.

Otorite ameriken yo te pale sou sitiyasyon an sou kondisyon pou non yo pa site anvan Etazini anonse li ofisyèlman.

Mezon Blanch, Depatman Deta ak Pentagòn pa t vle pale touswit sou nouvèl la.