Larisi: lajistis rejte demand apèl Navalny te fè kont kondanasyon 19 ane prizon yon tribinal pran kont li a

A screen shows jailed Kremlin critic Alexey Navalny as he arrives to listen to a hearing on an appeal lodged against a court decision to jail him for 19 years in a maximum security prison on extremism-linked charges, at a court in Moscow.

Lajistis nan LaRisi rejte madi apèl Alexeï Navalny te fè kont santans 19 ane prizon ki tonbe sou do li pou "zak ekstrèmis", santans ki vle di li pral pase 19 ane sa yo nan yon prizon koloni penal kote kondisyon lavi a malouk.

Tribinal apèl la deside "pa chanje jijman kont Navalny a", dapre deklarasyon jij Viktor Rogov apre yon seyans depozisyon.