Etazini Pwomèt $65 Milyon Sipò pou Ede Lapolis Ayiti Takle Gang yo

Sekrete Deta Ameriken Antony Blinken, Premye Minis Ayisyen Ariel Henry (a goch) ak Sekrete Kabina Kenya pou Zafe Etranje ak Dyaspora a, Alfred Nganga Mutua (a dwat) pandan yon rankont sou sityasyon sekirite Ayiti a, sou maj Asanble Jeneral LONU.

Sekretè Deta Antony Blinken pwomèt yon lòt $65 milyon asistans Vandredi pou ede polis nasyonal Ayiti a, PNH, konbat zak vyolans gang yo.

Blinken lanse apèl tou bay Konsèy Sekirite Nasyonzuni an pou l apwouve ofisyèlman misyon sekirite miltinasyonal pou Ayiti a pou ede PNH la.

Sekretè Deta Antony Blinken pwomèt yon lòt $65 milyon asistans Vandredi pou ede polis nasyonal Ayiti a, PNH, konbat zak vyolans gang yo.

Blinken lanse apèl tou bay Konsèy Sekirite Nasyonzuni an pou l apwouve ofisyèlman misyon sekirite miltinasyonal pou Ayiti a pou ede PNH la.

Pandan deklarasyon li te fe nan Nouyòk sou ensekirite a an Ayiti, Sekrete Deta Blinken te di misyon an, ke Kenya pral dirije, taka deplwaye "nan kek mwa konsa".

Ayiti te mande asistans pou ede konbat gang ame ki preske finn pran kontwòl Pòtoprens nan mwad Oktòb 2022. Konsey Sekirite LONU an taka vote osito ke semen pwochèn, dapre diplomat yo, sou yon pwoje rezolisyon pou apiye deplwaman fos miltinasyonal la.

Malgre Etazini pap kontribye okenn twoup, Blinken di administrasyon Biden nan pral travay ak Kongrè a pou dispoze $100 milyon pou apiye misyon miltinasyonal la ak sipò lojistik epi asistans finansye. Ladann taka genyen ransèyman, pon ayeryen, kominikasyon ak sipò medikal.

$65 milyon Etazini anonse Vandredi a vize kore kapasite polis Ayisyèn nan genyen pou l demantle gang yo dapre sa Blinken di.

Wasyington apiye vizyon Kenya genyen pou yon misyon sekirite ki gen 3 pati, e ki vize ede polis Ayisyèn nan asire gen sekirite pou enstalasyon konstan, wout epi ranfòsman yon eta de dwa a lon tèm Blinken fè konnen.

Sekretè Jeneral Nasyonzuni Antonio Guterres te deklare nan yon rapò li te prezante bay konsèy la nan mwad Out la ke "itilizasyon yon fos robust" atravè deplwaman yon fos polis miltinasyonal ak izaj aktif militè te nesesè pou retabli lòd la an Ayiti epi dezame gang yo.

Deplwaman yon fòs miltinasyonal la pap yon misyon LONU.

Etazini di lap enpoze nouvo entèdiksyon viza kont ansyen responsab ayisyen ak responsab ki an fonksyon ke Blinken di ap "soutire zak vyolans."