Kanada Enpoze Sanksyon Kont Manm Elit Ekonomik Ayisyèn an

Foto Achiv: Minis Afe Etranje Kanadyen an Melanie Jolie pandan yon rankont nan Nouyok, 20 Sept. 2023 .

Kanada anonse sanksyon adisyonèl kont kèk manm elit ekonomik Ayiti - pou reponn zak koripsyon li di ap agrave kriz imanitè ak sekiritè a.

Ministè Afè Etranjè Kanada a anonse nouvèl la Jedi.

Nouvo sanksyon yo vize komèsan Marc Antoine Acra, Carl Braun ak Jean-Marie Vorbe, ministè a fè konnen nan yon deklarasyon.